Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du septembre, 2020

Ala bel sa tap bel !

 Ala bel sa tap bel ! -Lejou nou pa panse ke nou an tranzit an ayiti... -Si lè n fè lajan ayiti se la nou envesti l nou pa prefere envesti l kay blan ... -Lè nap fè politik nou pa enplike nan nenpòt zak tankou blanchiman ak drog pou blan pa ret kwe  yo ka fè presyon sou nou sou baz yo gen dosye n ... - Si n pa atache ak viza blan ameriken sou baz ke madanm nou , pitit nou ak pil kay nou lot bò ... - Si n antann nou san dikte blan ... - Jou nou renmen ayiti tout bon ...   Fem konfyans,  lè sa blan pap vini enpoze n sa pou n fè men nan yon lojik entedepandans yo ka toujou ban n yon konsey ke n gendwa pran ou pa paske se nou avan tou ki dwe konn sa n vle pou peyi nou . Si nou pa antann nou , chak jou se yon enstabilite,  vyolans elatriye... nou vin repranzante yon menas pou yo ... Pa dim yo pap itilize pwisans ke yo genyen an pou yo fè n chita e menm enpoze n sa n pa vle yo ki anpil fwa , pa gen anyen pou wè ak enterè ayiti ? Antouka...        ...